Diferan tip pwennvi yon naratè

  • Pvennvi ekstèn : se youn nan twa fason naratè a ka prezante bay lektè a istwa l ap rakonte a. Naratè a prezante sèlman sa je l ba li. Lektè a pa konnen ni panse, ni emosyon, ni santiman naratè a oubyen pèsonaj yo. Se kòmsi lektè a te nan yon sinema pou bèbè : se sa kamera a montre li sèlman li wè.

  • Pwennvi entèn : Se kòmsi istwa a tap dewoule nan tèt yon pèsonaj. Sa lektè a konnen de istwa a se sa pèsonaj la di li. Nan ka sa a lektè a konnen alafwa panse, emosyon ak santiman pèesonaj la.

  • Pvennvi zewo : Nan ka sa a pa genyen yon sèl pwennvi, se poutèt sa naratè a se yon mesye jesètou. Naratè a se tankou Bondye : li konnen tout sa kap pase. Anvan menm pèsonaj la te panse yon bagay, naratè a te gentan konn sa. Naratè a konn pase pèsonaj yo, li konn avni yo. Anpil otè renmen itilize teknik sa a anpil anpil.

KÈK LYEN ENPÒTAN