IDE PLATFÒM LANG KREYÒL LA SOTI LWEN !

Ofisyèlman, sit la lanse ofisyèlman nan jounen ki te 28 oktòb 2023 a. Poutan, ide la te la depi 4 lane avan sa. Pandan mwen (Johndy Lens Philistin) te nan klas Segonn (S2), te gen yon evenman ki te etone m anpil : mwen te tonbe sou yon mo ki nan lang kreyòl la kem pa konnen. An plis de sa, te gon lè mwen te genyen yon devwa pou mwen te fè kote yo te bay on ekip pwovèb epi poum te bay definisyon yo. Nan tèt mwen se tap on bagay ki fasil (menmsi m pat konn definisyon yo) paske m te panse m tap jous chache yo sou "Google" epi m tap jwenn li byen rapid. Poutan, mwen te etone remake ke m pat jwenn anyen. Pa menm youn. M t oblije tonbe nan mande kèk granmoun paske yo pi byen konn pwovèb kreyòl yo.

Lè m fin remake sa, m te menm ale pi lwen. Mwen te deside fè kèk rechèch an kreyòl e mwen te vrèman fistre lè mwen wè ke lang kreyòl la pa gen yon prezans ki enpòtan sou wèb la. Poukisa depim bezwen konn definisyon yon mo franse oswa angle m ka jis chache l sou entènèt menm paka fè sa pou Kreyòl la ? Poukisa mwen ka chache kisa "Sit on the fence" vle di menm paka konn kisa "Zye kreve pa anpeche kòk kontinye goumen" vle di ? Poukisa m ka konn nenpòt règ sou franse a men li pa konsa pou lang kreyòl la ? Tout poukisa sa yo te mennen lide Platfòm sa. Men nan tan sa, mwen pate gen ni resous, ni konpetans nesesè yo.

Mwen pat deside kanpe la, 4 lane apre, 4 mas 2023 pou plis prezisyon, mwen kòmanse travay sou platfòm nan. Sepandan gen anpil evolisyon ki fèt kounya kote wap jwenn kèt sit tankou creole101.com ki gen kèk mo ak pwovèb kreyòl. Men anpil fwa se plis ekivalan mo oswa pwovèb la ou jwenn nan yon lòt lang. Men mwen, mwen pat bezwen konn kisa yo te vle di nan lòt lang, mwen te vle l an kreyòl senpman. Se nan optik sa ke Kounye a, li posib pouw konn kisa nenpòt mo/pwovèb vle di (nan lang kreyòl la) epi li posib tou pou ou chache yon règ sou lang revolisyon an (Kreyòl). Nan lane kap vini yo nou konte ajoute tout refòm kap fèt nan lang lan e nap bezwen redaktè pou sa. Siw entèrese, ekri nou nan kontak@langkreyolla.com

KREYATÈ PLATFÒM LANG KREYÒL LA

  • Non : Philistin Johndy Lens
  • Okipasyon : Devlopman sit entènèt, Jesyon baz de done
  • Konpetans : Python, PHP, Javascript, SQL, HTML, CSS, Bootstrap, BigQuery
  • Pòtfolyo : johndylens.com