MÈSI PA SIFI !

Pwojè Platfòm Lang kreyòl la kòmanse 4 mas 2023. Depi lè sa, gen plizyè moun ki kontribye nan fason pa yo pou platfòm nan rive aksesib a tout moun. Sòti nan pwosesis pou anrejistre mo ak pwovèb yo pase nan kode, mete mo ak pwovèb yo nan baz de done an pou rive nan moun ki te pote yo volontè pou mannken ofisyèl platfòm nan, èd tout moun te itil. San yo, sa patap ka posib.

Se nan sans sa nou te vle remèsye Georges Jonathan, Augustin Whitchy, Fanfan Carl Olivier, Alcéro Amariah Taylor, Mereus Momnsen ak Cledanor Gregory pou angouman ke yo te genyen pou yo pran mo yo nan diksyonè Vilsen an pou mete yo nan yon fichye txt. Apresa, nou vle voye yon gwo kout chapo ak Augustin Whitchy paske malgre li te fin nan pwosesis pou li te pran mo yo epi mete sou fòma daktilografye, sa pa te anpeche l mete tout limenm pou li ajoute tout mo sa yo nan baz de done an. E san baz de done ki gen 10000 mo yo pa gen Platfòm Lang kreyòl la. Touswit apre, Nou regenyen Georges Jonathan, li te ede pwogramè prensipal la nan koze "front-end" sit la (li kreye kèk paj nan sit la).

Sepandan, nou pat sèlman genyen moun ak konpetans teknik nan ekip lan. Nou te genyen Moïse Jephthé ki te pran foto mannken yo epi nou te genyen Jules Samy Michelove (se vwal ki nan videyo titoryèl yo tou), Argile Redjina, Candy Gamard ak Pamélus Makenley kòm mannken.

Nou vrèman rekonesan pou fason ke nou te deside mete yon kout men nan travay la san ke nou pa jwenn anyen an retou. Mèsi pa sifi.

KÈK LYEN ENPÒTAN