Diferans ant lokitè, alokitè ak destinatè
Nan literati alokitè ak destinatè pa vle di menm bagay. Nou kapab konsidere chak lektè tankou yon alokitè posib kelkeswa tèks la. Men chak lektè pa konprann yon tèks literè menm jan. Se sa ki fe menm tèks literè a gen dwa gen plizyè destinatè. Pa egzanp, yon fraz konsa : Nou p'ap tolere ankenn dezòd nan vil la. Si se yon minis ki pwononse fraz sa a, lokitè a se minis la. Tout sitwayen k'ap viv nan vil la se alokitè. Men, bon sitwayen yo ap konprann fraz sa a tankou yon garanti minis la voye ba yo: yo se destinatè. Move sitwayen nan vil la ap konprann menm fraz sa a tankou yon menas minis la ap fè yo: yo se destinatè tou. Kidonk, menm fraz sa a gen de kalite destinatè. Se menm jan an yon tèks literè kapab genyen youn, de, twa, dis, x destinatè suivan jan chak moun konprann tèks la.