Ki enpòtans pwonon yo genyen nan analiz yon tèks?

Pwonon yo enpòtan anpil nan analiz yon tèks. Li pèmèt ou wè ki moun k ap pale anndan tèks la. Pwonom tankou Ou : Montre genyen yon dyalòg ant de pèsonaj paske yon ou vle genyen yon mwen se pa rapò ak mwen an ou a pran tout sans li. Men lè ou sèvi ak pwonon tankou li ak yo se pou fè referans ak yon moun oswa yon eleman. Genyen grame ki ale pi lwen pou di de eleman sa yo pa pwonon menm pito se referan yo ye. Yo pa patispe nan dyalòg la. Egz : Mwen pa vle manje. Pou ki ou pa vle manje ? La a nou wè yon dyalòg ant de moun. Men si mwen sèvi ak Li oswa yo : Li (yo) pa vle manje. Pa genyen dyalòg ant moun ki pa vle manje a (yo) ak mwen menm, men mwen fè referans ak li (oubyen yo).

KÈK LYEN ENPÒTAN