Kisa yon mo prete ye?
Mo prete se lè yon lang prete mo nan yon lòt lang. Pa egzanp, "Vyewo" se yon mo prete. Li sòti nan mo panyòl "viejo," ki vle di moun ki genyen anpil laj, ki granmoun. Yo itilize li nan batey yo pou moun ki genyen lontan depi y'ap travay nan batey. Yo fin vye nan travay sa.