Kisa yon sonè ye ?

Yon sonè se yon powèm ki gen fòm fiks. Sa vle di ou pa ka ekri sonè jan ou vle. Sonè a genyen katòz vè ki divize an de katren ak de tèsè. De katren yo fèt ak de rim, men chak katren prezante yon sans konplè. Li pa nesesè pou tèsè yo gen yon sans konplè. Italyen yo te konn konstwi tèsè yo sou de rim. Gen plizyè kalite sonè : sonè mawotik, sonè madrigalèsk, sonè libèten. Pa egzanp, sonè mawotik la òganize rim yo konsa : abba abba ccd eed. Ronsard ki se yon ekriven fransè òganize sonè a konsa : abba abba ccd ede. Yon sonè madrigalèsk genyen plis pase katòz vè.

KÈK LYEN ENPÒTAN