Rejis Lang ak rechèch syantifik
Se fason moun pale ki montre kilti moun nan (sa vle di: lang moun nan pale ak nivo edikasyon li), milye sosyal moun ki ap pale a oswa ki ap ekri a. Kidonk, rejis la ka familye, vilgè, kouran epi soutni. Kèlkeswa lang nan, lasyans pa ka fèt ni nan rejis familye ni nan rejis kouran paske rechèch syantifik mande anpil kapasite entèlektyèl. Sa vle di fòk chèchè a pase nan inivèsite epi ou tèm k ap devlope yo se tèm teknik ki mande anpil konesans ak metòd menmsi sa fèt nan lang matènèl moun ki ap fè rechèch yo.