Rit anndan yon powèm
Nan yon powèm, lè yon son fò, pi fò pase lòt yo tounen regilyèman yo rele sa tan fò.
Tan fò sa a mache men nan men ak tan fèb, lè youn pa la lòt la ranplase l.
Rit la kapab repoze tou sou longè vè a (mezi), fason rim yo dispoze, plas sezi yo ak distribisyon aksan yo anndan vè a.
Rit anndan yon estwòf depann de plizyè bagay tankou nati, kantite ak dispozisyon vè yo.
Rit la kapab tou enpresyon yon vè osnon yon fraz, pwodui nan konsyans moun k ap koute l la.