ALCERO Amariah Taylor

Amariah

Non mwen se Alcéro Amariah Taylor, mwen gen 18 lane, mwen fèt e grandi lagonav nan komin ansagalèt, mwen fèt nan yon fanmi kretyen e mwen gen kòm pasyon foutbòl. Mwen te fè etid primè mwen nan Institution Mixte Paradis e nan École Wesleyenne de l'anse-à-galets. Mwen te fè etid segondè mwen nan College les Normaliens Supérieurs e nan Collège Mixte Excelsoir. Mwen fè pati de pwogram konpasyon entènasyonal, mwen se elèv pwojè HA-0312, lè mwen te lekòl mwen te trè pèfòman lekòl sa ki te pèmèt ke m te konn jwenn opòtinite pou m te patisipe nan konkou jeni rejyonal ke konpasyon entènasyonal konn òganize e menm nan jeni nasyonal.

Lè mwen te fini lekòl mwen te arive benefisye de yon bous ekselans ke Haitian Education And Leardership Program (HELP) tap ofri avèk jèn Ayisyen. Gras avèk bous sa mwen ap etidye sciences informatiques nan École Supérieure d'Infotronique d’Haiti e mwen nan dezyèm ane. Mwen se etidyan tou nan Leardership et Citoyenneté, nan Anglè et nan Informatique Bureautique nan HELP. Mwen fè pati de yon gwoup ki rele Konbit Jèn pou Avansman Edikasyon (KOJA-EDIK), ki pèmèt mwen patisipe nan pwojè kominotè sou alfabetizasyon pou m kapab ede peyi m.