CLEDANOR Gregory

Gregory

Mwen se Gregory CLEDANOR, mwen fèt Pòtoprens nan lane 2001. Mwen fè yon pati nan etid primè mwen nan Ecole Mixte Le Palais du Savoir epi mwen fè rès klas mwen nan Institution Classique New Stars de Pétion-Ville.

Aprè etid klasik mwen m te gen posiblite benefisye yon bous ekselans nan Haitian Education and Leadership Program (HELP). Gras ak bous sila a, mwen ap etidye Syans Enfòmatik nan Ecole Supérieure D’Infotronique d’Haiti (ESIH). Toujou gras ak bous sa a, mwen aktyèlman ap etidye Leadership et Citoyenneté, Informatique Bureautique ak Anglais.

Men pandan tout pakou mwen lekòl mwen te toujou renmen domèn tankou medsin, se sa ki koz malgre m pa etidye l mwen te entèrese swiv yon fòmasyon bazik nan sekouris epi toujou entèrese pale de sa ki gen rapo avè l. Anplis mwen renmen teknoloji anpil, Lang, epi ansèyman. Pou apwofondi etid mwen, mwen aktyèlman ap aprann pwograme ak HTML/CSS ak C++. Mwen bay tèt mwen pou sèvi kominote m, se sa ki koz mwen se manm KOJA-EDIK ki se: Konbit Jèn pou Avansman Edikasyon.