PHILISTIN Johndy Lens

Johndy

Mwen rele Philistin Johndy Lens e mwen se kreyatè prensipal platfòm sa. Mwen soti Ayiti e mwen fè lekòl primè mwen nan "College Dominique Savio". Konsènan pasyon m, mwen renmen syans enfòmatik ak entreprenarya anpil. Se rezon sa ki lakòz ke mwen aprann HTML, CSS BOOTSTRAP, JAVASCRIPT, PYTHON, PHP ak SQL ak swiv kèk kou anliy sou antreprenarya poukont mwen.

Aprèsa, mwen son moun ki vrèman disipline nan tout sa map fè. Konsènan etid mwen, mwen plis fokalize m sou devlopman sit entènèt ak jesyon baz de done.

Mwen gen lide platfòm sa depi lèm te nan S2. Mwen swete ke platfòm sila a ap itil ou anpil. Pa bliye bannou fidbak si ou genyen.