MEREUS Momnsen

Monmsen

Non pa m se Momnsen MEREUS men zanmi m yo pi souvan rele m Deyizark, mwen soti nan yon zòn yo rele Mayisad ki sitiye l toupre Ench nan depatman Sant. Mwen te fè etid primè ak segondè mwen nan « Collège Baptiste Melchisedeck » e se la tou ke m te kòmanse devlope lanmou m pou koze ki gen rapò ak teknoloji.

Lè mwen te tèmine ak etid klasik mwen, mwen te arive benefisye yon bous ekselans nan « Haitian Education and Leadership Program » ak bous sa mwen te tou oryante m nan teknoloji nèt se yonn nan rezon ki fè map etidye Syans Enfòmatik nan « Ecole Supérieure d’Infotronique d’Haiti ». Mwen se yon moun ki renmen fè moun ri, mwen renmen kè kontan zanmi m ak fanmi m anpil, mwen renmen gade foutbòl menm renmen fim syans fiksyon plis toujou. Mwen se yon moun tou ki renmen patisipe nan pwòjè ki gen rapò ak ledikasyon oubyen enfòmatik. Si gen yon bagay mwen renmen plis se lè map dekouvri lòt moun oubyen lòt zòn paske eksperyans sa yo montre m ak aprann mwen anpil sou pwòp tèt mwen ak orijin anpil bagay.

E mwen rete kwè avanti a fenk kòmanse n ap gen anpil anpil bagay pou n pataje ansanm toujou mete sou bèl pwojè sa pou nou te ka mete lang kreyòl nou an nan yon lòt nivo pa sèlman nan peyi a men nan tout mond lan.