FANFAN Carl Olivier

Olivier

Mwen rele Carl Olivier FANFAN. Mwen genyen 20 lane sou tèt mwen. Mwen se yon jèn Ayisyen ki sòti nan komin Pòtoprens e ki abite nan zòn Kafou. Jodia m ap aprann Jeni Endistriyèl nan Inivèsite Kiskeya. Depi tou piti, mwen te toujou entrige pa tout sa ki nouvo, tout sa ki vize amelyorasyon lavi moun ; se rezon ki fè mwen se pasyone inovasyon ak nouvo eksperyans. Mwen renmen rankontre nouvo moun, ale kote mwen poko janm ale, aprann nouvo bagay e sitou fè rechèch sou menm sa ki parèt pi biza yo.

Nan tan lib mwen, aktivite prefere m se gad match foutbòl oubyen jwe foutbòl, jwe jwèt sosyete tankou kat, UNO, domino elatriye…oubyen fè rechèch ak gade videyo sou devlopman pèsonèl ak mwayen pou mwen vin pi pwodiktif nan kotidyen mwen. Depi kèk tan m ap eksplore yon lòt orizon, ki pou mwen, vle rapwoche l de filozofi lavi mwen : minimalis.

M se yon gwo patizan lang kreyòl. Mwen renmen lang kreyòl. Mwen se yon moun ki toujou ap ankouraje moun nan antouray mwen pale pi byen epi ekri pi byen lang kreyòl la. M fyè anpil de lang manman m nan e se rezon sa a menm ki fè mwen mete men nan kalite gwo pwojè sila.