Chan Leksikal ak chan semantik

Rezo sans yo enpòtan anpil nan yon tèks, se nan relasyon yo youn ak lòt tèks la ap konstwi. Ou kapab tabli relasyon anndan yon menm rezo sou plizyè baz : Relasyon yon ansanm ak diferan pati ki ladann epi relasyon diferan pati ki konpoze yon ansanm ak ansanm nan menm. kidonk nou gen :

  • Chan semantik : se diferan sans menm mo a kapab genyen suivan diferan kontèks kote li anplwye : pa egzanp si nou pran mo pyès la nou kapab di yon pyès kay, yon pyès senkant santim, yon pyès teyat, dosye a manke yon pyès... tout sans sa yo ba nou sa yo rele chan semantik mo Pyès la.

  • Chan leksikal : chan leksikal se yon teyori ki lye plizyè mo ansanm selon kategori sentaksik yo e selon sans yo : pa egzanp chan eksiku pyebwa se forè, branch, fèy, rasin, eksetera.

KÈK LYEN ENPÒTAN