Chema naratif ak aktansyèl

Chema naratif :
Se yon konfigirasyon ki genyen ladan li pi gwo pwen ou kapab jwenn lè wap analize (etidye chak moso anndan) yon tèks naratif. Chema naratif la Chita sou aksyon ki genyen anndan tèks genyen plizyè etap ladan tankou : eta inisyal, mank, ket, rezilta, eta final.

  • Eta inisyal : etap sa a kòmanse nan yon istwa lè pèsonaj prensipal la pa konsyans li manke yon bagay.

  • Mank - kèt - rezilta : Pou li ka konble mank la, pèsonaj la prale an kèt solisyon. Konsa, yon seri aksyon ap deklannche pou li ka jwenn yon rezilta.

  • Eta final : etap sa a pa koresponn tout tan ak lè istwa a fini. Li koresponn ak lè pèsonaj prensipal la jwenn rezilta pou seri aksyon ki te deklannche a.

N.B:Rezilta a gen dwa amelyore, konsève oubyen degrade eta inisyal la.

Chema aktansyèl :
Se yon konfigirasyon ki genyen ladan li pèsonaj ou kapab jwenn anndan yon tèks naratif. Pa gen pèsonaj ki p ap fè anyen nan yon tèks naratif. Yo rele aktan. Pami aktan yo genyen prensipal yo ak aktan segondè yo.

  • Aktan prensipal yo :
    Ajan an k'ap aji, se li ki responsab aksyon an
    Pasyan k'ap sibi, se li menm aksyon ap afekte

  • Aktan segondè yo :
    Alye a, se li ki ede Ajan an akonpli aksyon an (si se pa yon moun, yo rele li oksilyè)
    Opozan an, se li ki kontrarye Ajan an nan aksyon li;
    Destinatè a, se li ki pouse Ajan an aji:
    Benefisyè, se li ki pral jwi aksyon an si Ajan an reyisi.

  • Egzanp : Kala (Ajan) ouvri pòt kabinè sekrè a (Pasyan) ak yon fo kle(oksilyè) malgre entèdiksyon mari li (opozan) / Destinatè : kiryozite Kala: Benefisyè: Kala.

KÈK LYEN ENPÒTAN