Fraz senp ak Fraz konplèks

An kreyòl menm jan ak anpil lòt lang, genyen fraz senp ak fraz konplèks. Yo pale de fraz senp, lè fraz la genyen yon sèl pwopozisyon : yo pale de fraz konplèks lè li genyen plizyè pwopozisyon.

Fraz senp : Fraz senp lan prezante sou fòm sijè - vèb - objè : Jan manje diri. Jan (sijè) manje (vèb) diri (objè). Se vèb la ki di nou ki lè yon non jwe fonksyon sijè ak ki lè li jwe fonksyon objè. Konsa nou jwenn vèb ki konstwi avèk Konpleman Objè Dirèk (KOD), vèb ki pa konstwi avèk KOD, vèb ki tolere yon KOD, vèb ki reklame yon Konpleman Objè Endirèk (KOE).

  1. Vèb ki konstwi avèk KOD : ede, pran, di, bat... : Woje ap ede Jera (KOD)

  2. Vèb ki pa konstwi avèk KOD: ale, pati, vini.... : Jaklin ale yè swa (Konpleman sikonstansyèl tan)

  3. Vèb ki tolere KOD : Chante, li, manje.. : Map li (pa gen KOD)/M'ap li jounal (gen KOD)

  4. Vèb ki reklame yon KOE : pale, pote, voye ... : Polo ap pale de tifi li a (KOE) / Kalo voye lèt la (KOD) Bay Polo (KOE).

  5. NB: An jeneral vèb la jwe wòl pilye nan fraz la, men gen lòt eleman tankou non, Adjektif, advèb ekt ki ka jwe wòl sa a tou. Egzanp : Pòtoprens lwen Okap (adv.)

    Fraz konplèks : genyen plizyè kalite fraz konplèks, fraz konpleks pa kowòdinasyon, fraz konplèks pa jistapozisyon, ak fraz konplèks pa sibòdinasyon:
    Egzanp :
    Mwen te envite w, men ou pa vin nan fèt mwen an. (kowòdinasyon)
    Jak etidye, li fè devwa li. (jistapozisyon)
    Papouch pa te ka vini paske manman li malad (sibòdinasyon)

KÈK LYEN ENPÒTAN