Mo Teknik

Mo teknik anpil fwa pa chanje sans, yo kenbe yon sans denote (sans pwòp), se nan tèks teknik ou plis jwenn yo. Tankou nan tèks sou biyodivèsite a ou jwenn anpil mo teknik.

Se gras ak diferan chan ki genyen nan yon tèks ou kapab wè pwogresyon li. Lè yon mo reprann yon lòt mo ki te deja site nan yon tèks, sa rele repriz anaforik oubyen anafò. Yon lot bò, se konektè ki makònen plizyè mo oubyen plizyè fraz ansanm nan yon tèks. Se anafò ak konektè ki pèmèt pwogresyon an fèt anndan yon tèks. Kòm egzanp konektè nou jwenn : depi, premye fwa, tandiske.

KÈK LYEN ENPÒTAN