Pwosè, Vèb pwosesif ak statif

An lengwistik yon pwosè se yon aksyon oubyen yon eta yon moun kapab anvizaje nan dewoulman li.
Egzanp : Maknè ap keyi zaboka. (aksyon)
Zaboka yo ap mi. (eta)

Vèb pwosesif, tankou travay, manje ekt., eksprime yon aksyon ; yo eksprime tou yon eta ki ap dewoule (egzanp : mi, dòmi, soufri). Yon lòt bò vèb statif yo eksprime yon eta ki pa an dewoulman, sa vle di ki p ap evolye. Egzanp : anvi, bezwen, konnen, gen, pè, rayi, renmen, wont eks.
Lè yon moun mete mak "ap" devan vèb sa yo, yo vin genyen yon sens fiti. Egzanp : Map gen lajan demen.

KÈK LYEN ENPÒTAN