Tip diskou nan yon tèks naratif

Ou kapab jwenn plizyè diskou anndan on tèks naratif : diskou dirèk, diskou endirèk, estil endirèk lib, diskou narativize ak diskou evoke.

  • Diskou dirèk :
    Naratè a fè yon pèsonaj pale, san li pa chanje yon vigil nan sa lap di. Oubyen gen yon tirè devan pawòl pèsonaj yo ; oubyen pawòl sa yo anndan gimè. Egzanp : Woje di : « mwen santi m pa byen, tèt mwen ap fè m mal. »

  • Diskou endirèk :
    Naratè a reprann pawòl yon pèsonaj san li pa fè pèsonaj sa a pale. Se vwa naratè a sèlman ki ap pale: Egzanp : Woje di li santi li pa byen, tèt li ap fè l mal

  • Diskou narativize :
    Naratè a ranmase pawòl pèsonaj la, li rezime li : Woje santi Ii malad.

  • Diskou evoke :
    Naratè a pran yon ti bout nan pawòl yon pèsonaj pou l mete nan pwop pawòl pa li : Woje pa t twò « byen ».

KÈK LYEN ENPÒTAN