AUGUSTIN Whitchy

Whitchy

Mwen se Whitchy AUGUSTIN, zanmi pwòch mwen yo rele m Gustus, mwen fèt Ayiti nan vil Pòtoprens nan yon ti zòn ki rele Baryè-Fè sou komin Site Solèy, mwen fè tout etid klasik mwen nan « Ecole Chrétienne des Frères Unis » e mwen fini nan lane 2022. Depi nan lekòl klasik mwen te toujou renmen sa ki gen rapò ak lojik epi refleksyon se pou sa mwen deside al aprann syans enfòmatik pou m vini yon pwogramè enfòmatik ak yon bon ajan Sibèsekirite. Nan menm ane mwen fini an mwen benefisye yon bous ekselans nan « Haitian Education and Leadership Program », yo te enskri m nan « Ecole Supérieure d’Infotronique d’Haïti ».

Mwen renmen pase tan ap fè rechèch sou sitwèb edikatif yo, pou m aprann sitou sa ki gen rapò ak teknoloji. Mwen renmen rezoud egzèsis matematik ki gen rapò ak lojik anpil. Mwen jwe Foutbòl ak Baskètbòl, se de espò mwen renmen anpil. Mwen renmen peyi mwen e mwen ta renmen fè moun lòt kote konnen bon bagay ki gen nan peyi a, mwen kòmanse ak sa pandan m ap pote kontribisyon m nan bèl pwojè sila.